M'kenbew - Cliowen, uX

M'kenbew - Cliowen, uX

  • Year of release: 2020
  • Language: ht
  • Duration: 4:12

Below is the lyrics of the song M'kenbew , artist - Cliowen, uX with translation

Lyrics " M'kenbew "

Original text with translation

M'kenbew

Cliowen, uX

M’rele hey li pa vire se sa' k fè m’bal kou an

Moun k’ap gade yo rele (weyyy)

Sou konn lè EDH bay kouran

Li met moun sou 2 ran tankou se 32 dan

E l’fè sot deyò menm sa’k te an dedan

Se skandal m’kraze figi’l ak pla sandal

M’bali gwo kou m' pa t janm swete ke m’tap janm bal

Paske’l twonpe’m li trayi konfyans ke mwen te fè'l

Sa son wonte, pou yon nèg tankou mwen ki gen fyèl

Mwen’k panse ke li te fidel

Li telman pran gason e menm fi dèyè'l

Li pran vi an pou domino l’ap jwe’l pi gwo pi gra

Li toujou vle’m mennenl Domino’s pou’l ka jwenn pi gwo pizza (extra large)

Nan men’l m’ap pran bill deyò a l’ap pran bibil

Li toujou lolo’m m’pa gen kontwòl manzè

Pou li mwen te yon Lòlò, pou mwen li te yon Manzè

Tankou S.A.L jodi a m’kenbe manzè

Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)

M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)

Kounya ou vle fè'm konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)

Gad figi manzè k’ap pran’m pou egare (welele)

Pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele)

Li t’ap choute ak tou 2 pye’l

M’pat jan’m wè'l ak tou 2 zyeu’m

Li trible’m vre, jan’l kanpe an li tou devye’m

M’kenbe’l sou vant yon nèg

K’ap monte desann

Septanm li fèt poutan’l pa vyèj

Gad jan l’ap montre’m Desanm

Mwen m’pat konprann m’tal pran’l pou sè legliz

Premye fwa m’rankontre’l li t’ap mennen ti sè'l legliz

Lòt dimanch li trennen’m jiskaske nou renmen

Prezante’m kay paran di manman men nonm mwen

Men au moins, li ta kite m’fon penso men au moins

Nou selman anbrase, li pa vle m’al pi lwen

Li di’m ann tann maryaj, deyò l’ap jwe lotto 5 chif

L’ap frape fò nan street

Avèm ou wè l’ap jwe game chich

Manzè fè m’wè lanmou avèg nan je’m li mete gwo linèt

Pou li m’te vin fè foli nèt -(fo linèt) —

Tout sa l’dim se vrè

M’te ka tuye’w si’w vin dim fo wi mèt

Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)

M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)

Kounya ou vle fè'm konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)

Gad figi manzè k’ap pran’m pou egare (welele)

Kijan ou vle m’avew pandan M’kenbew ak nèg sou vant ou (sou vant ou)

M’te konn ap plede lè yo di’m ou fel assez souvent tou (assez souvent)

Kounya ou vle fè'm konprann ke sa m’wè a se pa vre (se pa vre)

Pa jwe ak figi’m pa pran’m pou egare (welele)

-(Skit) — UX

Cherie e pa fòt mwen non

M’pat wè kijan pou m’te di’w sa

Cherie m’pwomèt ou senserite

Stp padonem

-(Verse 3) — Cliowen

M’pap padone’w paske’w fè'm pase pou sa m’pa ye

Ou fè'm enmi fanm ki zanmi’m

Atò menm sa m’taye

Imajine si m’pat avew tout sa m’ta ye?

Tankou lèt jodi a ou fè tout san’m kaye

M’panse san ou m’tap yon elèv ki san kaye

Se pou sa m’pat vle kite’w

Men ou te nan chyen ou nan chat

Ou vann mwen chyen nan sac

M’fè w konfyans ou vyole’l

Eske e pa kadejak?

Ou mechan

-(Outro)

Aba vyolans sou fanm

New texts and translations on the site:

2+ million lyrics

Songs in different languages

Translations

High-quality translations into all languages

Quick search

Find the texts you need in seconds